Ajan MonCash

Agent

Ajan MonCash yo se moun oswa konpayi ki otorize bay sèvis sou non MonCash. Chak ajan MonCash kapab fè tranzaksyon pou kliyan, tankou voye lajan (transfè OTC), fè depo ak retrè.

Avèk yon kantite k ap grandi atravè peyi a, ajan MonCash yo esansyèl pou asire tout itilizatè yo gen aksè nan sèvis nou yo.

Avantaj lè w se ajan MonCash

Avantaj finansye

  • Ajan yo resevwa komisyon sou tout tranzaksyon ki fèt pou kliyan yo (depo, transfè ak retrè)
  • Ajan yo touche komisyon lè yo vann kliyan oswa revandè Pappadap

Avantaj nan envestisman

  • Ajan yo pa bezwen anpil lajan pou kòmanse yon biznis MonCash
  • Ajan yo resevwa materyèl k ap pèmèt yo bay sèvis la gratis
  • Ajan yo resevwa materyèl maketin MonCash gratis (tankou penti miray konpayi an)
  • Ajan yo resevwa piblisite gratis

Avantaj devlopman

  • Ajan yo resevwa premye fòmasyon an gratis ak Moncash
  • Ajan yo resevwa fòmasyon ak asistaans gratis
  • MonCash pèmèt ajan yo amelyore eksperyans kliyan yo nan biznis yo

Avantaj pwodwi

  • Asosyasyon avèk mak MonCash (pi gwo rezo sèvis finansye an Ayiti)
  • Ajan yo reprezante sèvis labank adistans
Sèvis fyab, pratik ak Sekirize

Vin yon ajan MonCash

Pou vin yon ajan MonCash selon kategori ou vle, ou dwe bay:

  • PYÈS IDANTITE VALID PWOPRIYETÈ BIZNIS LA AK ANPLWAYE A(CIN, paspò oswa lisans)
  • PRÈV ADRÈS PWOPRIYETÈ BIZNIS LA AK ANPLWAYE A (dokiman sa a pa dwe gen plis pase 3 mwa)
  • FOTO LOKAL LA (devan ak sou kote)
  • PATANT (dokiman sa pa aplike pou ajan Bwonz endividyèl)
  • KAT IMATRIKILASYON FISKAL (CIF) (dokiman sa pa aplike pou ajan Bwonz endividyèl)

Men yon lis dokiman ou ka bay kòm prèv adrès:

  • Resi nan sèvis (EDH, Dinepa, Entènèt, telefòn) ki gen adrès lakay ou
  • Deklarasyon kont labank ou
  • Resi abònman jounal
  • Kopi kontra lwaye kay ou lwe a
  • Sètifika rezidans ki gen adrès lakay ou
  • Resi livrezon (lapòs, elatriye)

Kondisyon anplis

Men kèk lòt eleman ou dwe konsidere anvan ou vin yon Ajan MonCash

Kategori Ajan Bronze Silver Gold
Pwofil Piti ak mwayen antrepriz Piti ak mwayen antrepriz Gwo konpayi oswa kòporasyon
Minimòm Depo Inisyal 50,000 HTG 100,000 HTG 200,000 HTG
Kont labank (Unibank, Sogebank, BNC, Capital Banque) Non Opsyonèl Wi
Lòt Kritè Elijiblite pou konsidere lè w ap vin yon ajan Ou dwe gen siyal Digicel nan zòn ou an. Li ta bon pou gen aksè entènèt. Ou dwe gen yon lokal pou bay sèvis la Ou dwe gen siyal Digicel nan zòn ou an. Li ta bon pou gen aksè entènèt. Ou dwe gen yon lokal pou bay sèvis la Ou dwe gen siyal Digicel nan zòn ou an. Ou dwe gen aksè entènèt. Ou dwe gen omwen 5 lokal pou bay sèvis la

Yon fwa yo fin apwouve dosye ajan w la, ou dwe fè premye depo w kay ajan Master ou te chwazi a lè w te siyen kontra a.

Kijan pou aplike pou vin Ajan

ETAP 1

Pou fè rekèt pou vin Ajan yon fwa dokiman ki endike anwo yo pare, ou ka itilize nouvo pòtal entènèt la pou soumèt dokiman ki nesesè yo

ETAP 2

  • Yon Reprezantan Digicel, ki gen dokiman sa yo, pral kontakte w nan 20 jou pou swivi ki nesesè yo
  • FICH TEKNIK (LIS VERIFICATION) (reprezantan Digicel la ap ranpli pandan vizit la nan espas la)
  • FÒMILÈ ENSKRIPSYON - AJAN (Ajan an pral ranpli epi siyen pandan vizit la)
  • FÒM ENSKRIPSYON - ANPLWAYE (Ajan an pral ranpli epi siyen pandan vizit la)
  • KONTRA (3 orijinal yo dwe siyen)

Sonje: Sit la ap ba ou opòtinite pou swiv tout etap dosye a. Sa ka enplike lòt dokiman nou ka mande w fè swivi sou yo.

Kontakte nou

Biwo Rejyonal yo

Lokalize Ajan
Biwo Rejyonal yo