Ranpli Pwosesis Idantifikasyon An

faqs
Mobile

Bank Santral ki se regilatè sektè sèvis finasye mobil yo, fè egzijans pou tout kliyan founisè sèvis pèman elektronik yo idantifye. Pou satisfè egzijans sa a, MonCash mande tout itilizatè li yo pou yo bay yon pyès idantifikasyon valid nan pwosesis enskripsyon yo an.

MonCash envite e ankouraje kliyan li yo idantifye tet yo pou ka kontinye itilize system nan.

Divider
Pou rann sa posib ou ka chwazi youn nan opsyon sa yo:
App

Itilize Aplikasyon MonCash la, swiv enstriksyon yo pou w ranpli fòm lan, soumèt yon pyès idantite valid ki kapab yon Lisans, yon Kat Elektoral oswa yon Paspò, epi soumèt yon foto w (sèlfi) sou menm aplilasyon an;

Store

Pase nan nenpòt Magazen Digicel ak telefòn ou ak yon pyès idantite valid;

Agents

Ou ka apwoche youn nan anplwaye MonCash yo ki ap disponib anpil kote nan peyi a pou ede w idantifye kont ou;

Email

Voye yon imèl bay ClientsMonCash@digicelgroup.com ak pyès idantite w epi nimewo telefòn ou

SMS

Tann yon SMS de yon nimewo ofisyèl MonCash k ap bay detay sou entriksyon yo ak yon lyen.

Divider
Pou plis asistans MonCash envite kliyan li yo rele nan 202.

Nou ankouraje itilizatè yo pou yo konplete pwosesis idantifikasyon yo pou yo kontinye itilize kont yo.

Frequently Asked Questions

MonCash ap limite kont yo pou yo konfòme avèk nouvo reglemantasyon Bank Repiblik Ayiti (BRH) etabli. Dapre Sikilè 121 an, tout kliyan sèvis peman elektronik yo dwe idantifye konplètman. Nan kad sa a, itilizatè MonCash yo dwe konplete pwosesis idantifikasyon yo an kote yap gen pou bay yon pyès idantite valab (pa ekspire). Mezi sa a pran pou ranfòse sekirite ak asire ke tout tranzaksyon yo legal.

Pou konfòme avèk Sikilè 121 ke Bank Repiblik Ayiti te emèt lan, tout itilizatè MonCash yo dwe enskri avèk yon pyès idantite valab anvan 1e jiyè 2024 pou yo ka kontinye fè tranzaksyon sou kont yo. Egzijans sa a obligatwa pou tout sèvis peman elektronik. Kliyan yo dwe bay yon kopi dokiman idantifikasyon valab, tankou yon lisans, kat elektoral, oswa paspò ak yon foto vizaj ou (selfi). Pwosesis sa a enpòtan pou asire sekirite tout tranzaksyon yo ak legalite detante kont yo, ansanm ak objektif nou pou anpeche vòl idantite, blanchiman lajan, fwod finansye ak lòt krim finansye.

Apre 1e jiyè, kont ki idantifye yo ap kapab fè tout tranzaksyon, men kont ki pa idantifye yo ap limite. Y ap sèlman gen aksè antre sou kont yo pou yo ka verifye balans yo, chanje PIN yo, fè yon sèl tranzaksyon P2P oswa yon sèl retrè pou pran rès kob ki sou kont yo.

Pou w wè si kont ou idantifye, fè *202#, apre chwazi opsyon 5, apre chwazi nimewo 3. Si tip kont la se "Level 1", sa vle di kont ou pare pou fonksyone. Si li se "Level 0", ou bezwen lanse pwosesis enskripsyon an kote ou ap gen pou ou bay yon pyès idantite valab (pa ekspire). Oswa, ou ka ale nan estati ou nan aplikasyon MonCash la, tape sou inisyal non ou oswa foto pwofil ou an.

Si kont ou pa idantifye avan 1e jiyè 2024, Kont MonCash « mini-wallet » ou a ki gen yon limit 10,000 HTG lan pral "limite", sa pral anpeche ou fè tranzaksyon abityèl tankou depo lajan sou kont ou, retrè, resevwa lajan soti sou kont lòt itilizatè, voye lajan, ak peye fakti.

Wi, MonCash ap voye notifikasyon atravè SMS soti nan nimewo ofisyèl kap di ou ke pwosesis idantifikasyon an reyisi.

Wi, ou toujou dwe konsidere frè a lè w ap kalkile kantite lajan ou vle retire pou asire ou gen ase lajan nan kont ou pou kouvri montan lajan w ap retire a ansanm ak frè ki asosye ak li an. Ou kapab toujou voye montan an lè ou fè yon P2P kote ou ap gen pou ou eskane yon kòd QR MonCash san okenn frè.

Si ou pa gen ase lajan sou kont ou pou kouvri frè a, tranzaksyon an pap ka fèt. Ou ka toujou rele nan 202 pou ou mande èd ak ekip sèvis kliyan yo.

Si ou pa gen yon pyès idantite valab, ou pap kapab fini pwosesis idantifikasyon kont ou an. Kidonk, kont ou an ap rete limite, ki ap kapab itilize sèvis nou yo.

Si yon manm nan fanmiw oswa yon zanmiw voye yon transfè entènasyonal pou ou sou kont MonCash ou e kont sa a poko idantifye, wap resevwa yon notifikasyon SMS ki diw ke ou gen yon transfè entènasyonal ki nan wout. Pou kapab jwenn kòb sa sou kont MonCash ou, ou dwe konplete pwosesis idantifikasyon kont ou an jan Moncash mande l la. Sinon ou kapab swiv enstriksyon ki nan SMS la pou ou retire kòb la.

Non, si kont ou an limite, ou pap kapab resevwa lajan soti sou lòt kont moncash ni soti lòtbò dlo. Ou dwe finalize pwosesis idantifikasyon kont moncash ou an pou ou ka resevwa lajan sou kont ou.

Non, ou pa bezwen re-enskri. W ap bezwen konplete pwosesis idantifikasyon an kote wap gen pou ou bay yon pyès idantite valab pou retire limit ki sou kont ou an.

Men fason ou ka konplete pwosesis idantifikasyon an:

  • Itilize aplikasyon MonCash la pou voye yon pyès idantite valab ak yon selfie.
  • Vizite nenpòt magazen Digicel avèk telefòn ou ak yon pyès idantite valab.
  • Apwoche yon anplwaye MonCash ki disponib divès kote nan peyi a.
  • Voye yon imèl bay ClientsMonCash@digicelgroup.com avèk ID ou ak nimewo telefòn ou.
  • Tann yon SMS soti nan yon nimewo ofisyèl MonCash ak enstriksyon.

Dokiman idantifikasyon ki aksepte yo se Lisans, Kat Elektoral ak Paspò.

Idantifye kont MonCash ou an ap asire w ke wap kapab kontinye sèvi ak tout sèvis yo san kanpe, ranfòse sekirite tranzaksyon ou yo, ak ede pwoteje ou kont fwod ak krim finansye. Sa pèmèt ou tou pou ou benefisye ak tout sèvis ke MonCash ofri yo.

Si ou pa idantifye kont ou anvan dat limit lan, kont ou ap "limite", ki pral anpeche ou fè tranzaksyon abityèl yo. Pou rejwenn tout aksè yo, wap bezwen konplete pwosesis idantifikasyon an.

Wap resevwa yon SMS konfimasyon soti nan MonCash lè pwosesis idantifikasyon ou an reyisi. Ou kapab tou, verifye estati kont ou an nan aplikasyon MonCash la oswa fè *202# epi swiv enstriksyon yo.

Non, pa gen okenn lajan wap bay pou konplete pwosesis idantifikasyon kont MonCash ou an. Li se yon pwosesis obligatwa epi ki gratis pou asire konfòmite avèk egzijans reglemantè yo.

Wi, wap kapab tcheke kòb ki sou kont ou menm si li limite.

MonCash itilize mezi sekirite solid pou pwoteje enfòmasyon idantifikasyon ou. Enfòmasyon ou yo trè byen jere selon regleman sou vi prive epi Moncash ap sèvi ak enfòmasyon sa yo sèlman pou idantifikasyon ak konfòmite.