FAQ

faqs

FAQ

MonCash se yon bous sou telefòn ou ki pèmèt tranzaksyon finansye fèt chak jou ant itilizatè MonCash yo, kelkeswa kote yo ye an Ayiti. Kèk tranzaksyon itilizatè yo ka fè chak jou:

  • Kenbe lajan sou kont MonCash yo
  • Resevwa transfè l entènasyonal
  • Voye lajan bay lòt itilizatè MonCash ak telefòn yo
  • Fè depo sou MonCash yo
  • Fè retrè sou kont MonCash yo
  • Achte minit oswa plan entènèt Digicel
  • Peye machann
  • Peye fakti
  • Resevwa peman salè

Ouvri yon kont MonCash GRATIS Pou w ka anrejistre konpoze *202#, oswa telechaje aplikasyon MonCash la. L ap mennen w nan meni a, epi w ap bay enfòmasyon sila:

  • Siyati
  • Non
  • Dat nesans (JJ / MM / AAAA)
  • Chwazi yon tip pyès (lisans, kat elektoral oswa paspò. Tanpri sonje dokiman sa dwe valid)
  • Bay nimewo pyès ou te chwazi a
  • Chwazi si ou se fi oswa gason
  • Chwazi kòd sekrè w (pa pataje l ak pèsonn)
  • Rantre kòd sekrè w a ankò pou w ka konfime

Lè w fin bay enfòmasyon sa yo, w ap genyen yon kont k ap ka resevwa jiska 10,000 Goud. W ap ka fè depo ak resevwa lajan nan men lòt itilizatè MonCash yo.

W ap ka kontinye pwosesis anrejistreman w lan, sèl sa w ap gen pou w fè se swiv etap platfòm lan. Apresa, w ap ka voye lajan, peye fakti w, rechaje kont ou, peye machann, fè retrè oswa resevwa lajan k ap sot lòtbò dlo.

Lè w fini ak pwosesis la, w ap genyen yon kont MonCash ki elaji (Full Wallet) kote w ap genyen jiska 100,000 Goud sou li ak posibilite pou w pwofite tout avantaj kont MonCash ou.

Lè w ap sèvi ak MonCash gen kèk frè ki aplike, sepandan tranzaksyon sila yo GRATIS:

  • Ouvri oswa elaji kont MonCash ou
  • Fè depo sou kont MonCash ou
  • Rechaje yon nimewo telefòn Digicel
  • Peye yon machann
  • Peye fakti

Lòt frè ka aplike lè w ap sèvi ak MonCash pou lòt tranzaksyon tankou yon transfè kay yon ajan otorize, ak lè w ap retire lajan sou kont ou

Wi, lè w ap sèvi ak MonCash gen yon limit tranzaksyon ki aplike lè w ap fè transfè P2P oswa lè w ap fè retrè. Diferan limit konn aplike sou jan w itilize MonCash si se chak jou, chak semèn oswa chak mwa. W ap jwenn tout detay sou kantite tranzaksyon chak tip kliyan genyen.

Lè w ap fè transfè P2P:

Tip Kont Peryòd Tip Tranzaksyon Limit volim tranzaksyon Limit Montan Tranzaksyon
Mini Wallet Chak Jou P2P 5 10,000
Mini Wallet Chak Semèn P2P 20 30,000
Mini Wallet Chak Mwa P2P 40 50,000
Full Wallet Chak Jou P2P 10 75,000
Full Wallet Chak Semèn P2P 30 300,000
Full Wallet Chak Mwa P2P 50 500,000

Lè w ap fè retrè:

Tip Kont Peryòd Tip Tranzaksyon Limit volim tranzaksyon Limit Montan Tranzaksyon
Mini Wallet Chak Jou Retrè 5 10,000
Mini Wallet Chak Semèn Retrè 15 30,000
Mini Wallet Chak Mwa Retrè 30 50,000
Full Wallet Chak Jou Retrè 10 75,000
Full Wallet Chak Semèn Retrè 25 300,000
Full Wallet Chak Mwa Retrè 40 500,000

Nou fè kèk chanjman nan aplikasyon a k ap nan avantaj ou:

  • Kounya ou ka ranpli pwosesis pou w elaji kont MonCash ou (Full Wallet) san w pa bezwen deplase; ak kèk klik sèlman w ap ka elaji kont MonCash ou epi resevwa transfè lajan entènasyonal.
  • Nou amelyore aplikasyon MonCash la pou pèmèt ou viv yon pi bèl eksperyans kliyan. Nou ajoute idantifikasyon byometrik pou pèmèt kliyan yo konekte sou kont yo ak anprent yo oswa si yo gen yon aparèy IOS, yo ka sèvi ak karakteristik rekonesans figi yo.
  • Kounya aplikasyon an pèmèt itilizatè yo ajoute desimal nan tout tranzaksyon yo pou yo ka egzak lè y ap voye lajan oswa peye, ak anpil lòt amelyorasyon toujou.
  • Ou ka chanje kòd sekrè w direkteman sou telefòn ou.

Aplikasyon MonCash la disponib pou tout aparèy Android ak iOS. Pou w telechaje aplikasyon MonCash la tanpri vizite:

  • Google Play store sou telefòn Android ou
  • App Store sou aparèy iOS ou

Pou w ka enksri oswa anrejistre sou aplikasyon MonCash la, w ap telechaje aplikasyon an sou Google Play Store oswa sou App Store epi w ap swiv etap ki afiche sou ekran an. W ap gen pou w bay non w, dat nesans ou (JJ/MM/AAAA). Chwazi yon pyès idantifikasyon (lisans, kat elektoral oswa paspò)

Sonje dokiman an dwe valid, bay nimewo pyès idantite ou te chwazi an,presize si w se fanm oswa gason, chwazi kòd sekrè w (pa pataje l ak pèsòn), epi rantre kòd sekrè w ou a ankò.

Apresa, MonCash ap voye yon SMS ki gen yon kòd 6 chif sou nimewo ou te bay la pou verifye si se ou! Pou sekirite w, tanpri pa pataje kòd sa ak pèsonn. W ap ka tou sèvi ak kont MonCash ou byen rapid apre ou fini etap yo.

Depi w gentan yon kliyan MonCash ou ka sèvi ak aplikasyon MonCash la. Pou w konekte w sou aplikasyon MonCash la, w ap mete nimewo telefòn ou gen kont MonCash sou li a epi kòd sekrè w. Si w pa gen yon kont MonCash, aplikasyon an ap mande w pou w kreye youn. Kliyan yo ap ka konekte ak anprent yo oswa ak sistèm rekonesans figi yo.

Pou w elaji kont MonCash ou (Limit 100,000 goud) , ou dwe swiv etap ki sou aplikasyon a.

Si w pa gen aplikasyon MonCash la, ou ka ale nan magazen Digicel ki pi pre w la, reprezantan MonCash yo ap kontan asiste w.

Non. Enfòmasyon w ak lajan w konekte ak kont MonCash ou kelkeswa aparèy w ap itilize pou w aksede ak kont ou. Sèvi ak nimewo telefòn ou epi kòd sekrè w pou w konekte w sou aplikasyon MonCash la epi w ap ka wè balans ou, dènye tranzaksyon w, fè tranzaksyon elatriye.

Non. Depi w se yon itilizatè MonCash w ap sèlman gen pou w telechaje aplikasyon an, konekte w ak nimewo telefòn ki gen kont MonCash ou a epi kòd sekrè w, epi w ap ka itilize aplikasyon an byen rapid

Lè w ap voye lajan bay yon itilizatè ki pa gen yon telefòn entelijan oswa ki pa telechaje aplikasyon an w ap jis konekte w sou aplikasyon MonCash la, ekri nimewo l epi peze bouton voye lajan an. Tranzaksyon yo fèt apati kont MonCash ou bay yon lòt kont MonCash kelkeswa aparèy y ap itilize.

Wi. Aplikasyon MonCash la se pou tout itilizatè MonCash, ni kont ki elaji ni sa ki pa elaji (Mini or Full wallet).

Non, ou pa gen okenn frè w ap peye pou w konekte w sou aplikasyon MonCash la. Men ou ka gen kèk frè pou w peye selon tranzaksyon w ap fè a.

Kòd QR MonCash la se yon kòd ki gen enfòmasyon sou itilizatè ki pral fè tranzaksyon an. Kòd QR MonCash la ap pèmèt ou peye ak resevwa lajan sou aplikasyon MonCash la, w ap annik eskane kòd QR la ak telefòn ou. Kòd QR MonCash la redwi tout erè ou te ka fè nan di yon nimewo telefòn byen fò oswa anpeche moun koute ki kantite kòb w ap voye.

W ap jwenn kòd QR la nan aplikasyon MonCash la nan pati “Kòd QR”.

Men 2 fason pou w sèvi ak kòd QR MonCash la:

  1. Peye kèk atik: Ou ka sèvi ak MonCash pou peye atik yon kliyan achte. Chak fwa ou ale nan yon magazen gade si w pa wè kòd QR MonCash la bò kote kesye yo. Depi w wè l, monte sou aplikasyon MonCash la epi peze “Peye”. Apresa, eskane kòd QR MonCash ki devan w lan epi w ap ka peye sa w achte a.
  2. Voye oswa Resevwa lajan: Klike sou “Kòd QR mwen" lè li parèt sou ekran w, mande lòt itilizatè MonCash la pou l eskane kòd ou a ak kamera telefòn li a. Lè yo fin eskane l, y ap ka wè kont ou epi voye lajan an pou ou.

Pou yon tan limite p ap gen okenn chaj adisyonèl lè w ap itilize kòd QR MonCash la

Kòd QR la gen enfòmasyon pèsonèl ou tankou nimewo telefòn ou pou yo ka idantifye kont ou. Men li pa gen enfòmasyon sou kantite kòb ki sou kont ou. Enfòmasyon sa yo dwe rete konfidansyèl, li pèmèt tranzaksyon yo fèt pi rapid.

Anplis ou ka fè transfè P2P GRATIS lè w eskane kòd QR, depoze lajan sou kont ou ak plis toujou.

W ap jwenn 3 FWA PLIS BONIS lè w rechaje telefòn Digicel ou ak MonCash.

Men tout frè ki aplike lè w sèvi ak MonCash depi Avril 2022:

GOUD
Soti nan
Rive nan
Frè P2P Frè retrè Frè OTC
20 99 GRATIS GRATIS 2
100 249 GRATIS GRATIS 4
250 499 6 13 7
500 999 9 30 10
1,000 1,999 25 60 30
2,000 3,999 35 105 40
4,000 7,999 50 171 55
8,000 11,999 60 247 70
12,000 19,999 70 366 80
20,000 39,999 75 629 90
40,000 59,999 100 1011 110
60,000 75,000 120 1368 125

Premye etap pou w resevwa transfè entènasyonal sou kont MonCash ou se pou w elaji kont MonCash ou. Men 2 fason pou w elaji kont MonCash ou:

Aplikasyon MonCash la:

  1. Konekte w sou aplikasyon MonCash la, epi swiv enstriksyon ki sou ekran an
  2. Vizite yon magazen Digicel

W ap gen pou w bay enfòmasyon, tankou nimewo pyès idantite w ak yon foto idantite pou w ka kontinye ak pwosesis pou elaji kont MonCash ou.

Pou w verifye si kont ou elaji, konpoze *202# chwazi opsyon 5, epi 4

Si tip la se fullkyc, sa vle di kont ou elaji

Lè kont ou elaji e ke w bay otorizasyon pou w resevwa transfè entènasyonal, w ap ka mande pwòch ou voye lajan pou ou atravè youn nan konpayi sa yo

Nan Nò Amerik la

  1. Digicel International
  2. Boss Money
  3. Sendwave
  4. Taptap Send
  5. Sharemoney
  6. C.A.M.
  7. Shaka Express

Tout kote nan mond la

  1. Remitly
  2. RIA Money Transfer
  3. Small World Money Transfer

Nan amerik latin

  1. Girofacil
  2. Uno Money Transfers
  3. More Money

Nan Ewop

  1. Orange Money
  2. WorldRemit

Nan Karayib

  1. Cibao Express
  2. C.A.M.

Si w gentan gen yon kont MonCash, nouvo pwosesis anrejistreman an p ap afekte w.

W ap ka sèvi ak kont MonCash ou jan w te konn fè l la. Men, n ap ankouraje w pou w elaji kont ou epi bay yon pyès idantite valid.

SIM nan dwe anndan telefòn wap itilize aplikasyon MonCash la. Klavye a pap parèt, aplikasyon an ap li OTP ou resvwa pa SMS la otomatikman.

Ou gen keyon toujou? Nou ka ede!