Kliyan

Customer

Itilizatè MonCash ka resevwa transfè lajan entènasyonal, fè P2P pou voye lajan bay lòt kont MonCash, peye machann, rechaje, achte plan Digicel, peye fakti, epi resevwa peman salè.

Enskri, Li Fasil!

Sou telefòn Digicel ou a, telechaje aplikasyon MonCash apre sa:

  • Bay non ak siyati ou\Dat nesans (JJ / MM / AAAA)
  • Chwazi yon pyès idantite valid (lisans, kat eletoral oswa paspò)
  • Bay nimewo ID ou chwazi a
  • Chwazi sèks ou
  • Chwazi yon kòd PIN pèsonèl (pa pataje li ak pèsòn)
  • Finalize elajisman kont ou menm moman an pou benefisye tout avantaj MonCash

Apre w fin ranpli pwosesis idantifikasyon an, w ap gen yon kont MonCash elaji ki gen yon limit 100,000 HTG ak kapasite pou w pwofite tout sèvis MonCash ofri yo.

Enskripsyon MonCash disponib tou nan meni *202#. Sipò pou elaji kont gratis sou app MonCash la ak nan magazen Digicel.

Kounyea ak MonCash ou Kapab

  • Resevwa transfè entènasyonal
  • Peye fakti
  • Voye lajan
  • Rechaje nimewo Digicel
  • Achte plan Digicel