Transfè Entènasyonal

About MonCash
IMT
Konsènan Transfè Entènasyonal

Tout itilizatè MonCash ka resevwa transfè entènasyonal soti nenpòt kote nan mond lan pou rive dirèkteman sou kont MonCash yo. Moun yo ki aletranje, nan nenpòt ki peyi, ka voye lajan epi nan kèk minit, fanmi yo oswa zanmi yo ap gen lajan an sou kont MonCash yo pou fè lòt tranzaksyon tankou peye machann, voye lajan bay lòt kont MonCash, peye fakti, rechaje telefòn ak plis ankò.

Kòman Mwen Ka Resevwa Transfè Entènasyonal?

Pou resevwa transfè entènasyonal sou kont MonCash ou, ou dwe gen yon kont MonCash elaji (limit 100,000HTG). Pou elaji kont ou, ou ka ale sou aplikasyon MonCash la oswa vizite yon magazen Digicel

Sou aplikasyon an:

  1. Ouvri aplikasyon MonCash la epi klike sou "Mizajou"
  2. Apre sa, ou pral presize done pèsonèl.
  3. W ap verifye idantite ou lè ou pran yon selfie ak yon foto ID ou.

Apre kont ou fin elaji, ou dwe otorize patnè nou Prism Transfer pou depoze transfè entènasyonal sou kont MonCash ou. Swiv etap sa yo:

Meni Telefòn:

  1. Konpoze * 202#
  2. Chwazi opsyon 6
  3. Chwazi Prism Transfer

MonCash App:

  1. Konekte sou aplikasyon MoCash la epi swiv enstriksyon yo sou ekran prensipal la.
Partners

Nan Nò Amerik La

Tout Kote Nan Mond La

Nan Amerik Latin

Nan Ewop

Nan Karayib

LOKALIZE FONKOZE